mercredi 15 novembre 2017

Sa nou dwe konnen sou kisa ''syndrome d'hubris'' lan ye?

 
Nou konnen rasin mo ''syndrome'' soti nan lang grek ki signifi "Pathologie, maladie" epi mo ''hubris'' la soti nan lang grek tou ki signifi "démesuré, excès, orgueil. Nou pral eseye bay yon konpreyansyon sou kisa maladi sa ye, nan ki sektè ou plis jwenn li epi kijan ou ka rekonet yon moun ki soufri "Syndrome d'hubris".
 
Pouvwa (pouvwa politik nan sans n'ap pale a) se yon privilèj yon pèp bay yon moun oswa yon group moun pou dirije yon teritwa ak tout sa ki ladan l. 

Men anpil fwa se moun ki gen problèm sikolojik epi ki pa menm konnen si yo malad ki benefisye privilèj sa a. 
 

Lè sa a, tout moun ap konstate kijan pèsonalite moun nan konn vin chanje paske li vle gade pouvwa a pou Toutan. Kidonk, moun nan vin malad, li vin fe yon maladi ki rele ''syndrome d'hubris''. 

Lè sa rive nou dwe konnen ak kiyes vreman nou annafè. 
 
Moun ki soufri maladi ki rele "syndrome d'hubris" la se yon moun k ap ekzese pouvwa. Nou ka identifye moun ki soufri patoloji sa nan aksyon lap poze ak nan konpotman li genyen pandan lap ekzese pouvwa a. 

Pouvwa ka fè moun ki pa gen yon bon ekilib sikolojik vin konpòte yo tankou moun ki pèdi lespri yo. Se tankou moun nan vin pèdi kapasite li genyen pou l pote bon jijman sou prop aksyon lap poze. 

Nou ka remake pesonnalite moun nan vin chanje paske moun nan vin awogan anpil, li vin ''megaloman'', sa vle di moun nan vin panse li se yon paket afè, pa gen moun ki kanmarad li, li santi li gen anpil pisans epi li bay tet li plis capacite li genyen reyelman. Se tankou li vin santi li gen pouvwa sou tout sa ki egziste, lè sa moun sa konpòte li tankou li te yon ti Bondye sou latè. 

Moun sa vin sa yo rele ''narcissique'' tou, sa vle di se yon moun ki toujou renmen pou moun ap bal glwa toutan, ou dwe aplodi tout Sal fè, tout sa lap di san li pa menm vle tande  kisa lot moun panse de sa lap di, sa lap fè. 
 
 
Li mete tout moun kap kritike sa lap fè sou kote. 

Tout sa yo, se kek sentom nou ka remake lakay yon moun ki soufri ''syndrome d'hubris''. 

Peyi a gen anpil sikolog ki ka ede moun ki soufri maladi mantal sa yo ak anpil lot anko. Si yon moun ta remake yap aji yon fason ki pa fè onè yo ak moun ki nan antouraj yo, siw pa ta vle problem sa yo vin pi grav, ou dwe consilte yon sikolog touswit paske pap janm gen yon bon sante fizik si yon moun pa pran swen sante mantal li. 

Joseph Vilanes, Sikològ. 
Tel: 37187675

Aucun commentaire: